Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 0:59

[1] Louwe Letènèl! Louwe Bondye nan lye sakre li! Louwe li nan syèl kote pisans li manifeste!

[2] Louwe li pou gwo bagay li fè, Louwe li daprè jan li gran anpil!

[3] Louwe li ak son twonpèt, Louwe li ak gita epi avèk hap!

[4] Louwe li ak tanbouren ak dans, Louwe li ak enstriman a kòd ak flit!

[5] Louwe li ak senbal ki bay bèl son, Louwe li ak senbal ki sonnen fò!

[6] Se pou tout sa ki gen souf louwe Letènèl! Louwe Letènèl!

Liv Sòm Yo — Chapters