[1] Pou maestwo koral la. Yon sòm David, sèvitè Letènèl. Li te pale pawòl chan sa a pou Letènèl, lè Letènèl te fin delivre l anba men tout lènmi l yo epi anba men Sayil. Li di:
[2] Mwen renmen w, Letènèl. Ou se fòs mwen.
[3] Letènèl se woche mwen, ranpa mwen, se li ki delivre m, Bondye mwen, gwo wòch kote mwen jwenn refij, Li se boukliye mwen, kòn delivrans mwen, sitadèl mwen.
[4] Mwen rele: Lwanj pou Letènèl! Epi mwen delivre anba lènmi m yo.
[5] Kòd lanmò te sènen m, Ravin mechanste te fè m pè anpil.
[6] Kòd peyi-mò te vlope m, Pyèj lanmò te fè fas kare ak mwen.
[7] Nan detrès mwen, mwen rele Letènèl. Mwen kriye o sekou bay Bondye m nan. Li rete nan palè li, li tande vwa mwen. Epi rèl mwen rive devan l, nan zòrèy li.
[8] Latè sekwe, li tranble. Fondasyon montay yo souke. Yo sekwe, paske Bondye te fache.
[9] Lafimen t ap soti nan nen li, Yon dife devoran t ap soti nan bouch li. Chabon pran dife bò kote l.
[10] Li bese syèl la, li desann. Te gen yon nyaj pwès anba pye l.
[11] Li monte sou yon cheriben, li t ap vole, Li parèt sou zèl van an.
[12] Li fè fènwa tounen kote pou l kache, yon tant toutotou li, Se yon mas dlo, yon kantite nyaj pwès nan syèl la.
[13] Nyaj pwès t ap soti nan ekla limyè ki te devan l lan, Lagrèl ak chabon dife t ap sot ladan l.
[14] Letènèl gwonde nan syèl la. Bondye Trè Wo a fè tande vwa l, Ak lagrèl epi chabon dife.
[15] Li voye flèch li yo, li gaye lènmi m yo. Epi ak anpil zeklè, li twouble yo.
[16] Letènèl, fon lanmè a parèt, Fondasyon tè a parèt aklè, Lè ou menase yo, Lè bri souf ou soti nan nen ou.
[17] Pandan Letènèl anwo a, li lonje men l, li pran m, Epi li rale m soti nan gwo dlo yo.
[18] Li delivre m anba lènmi m nan ki te pisan, Anba moun ki rayi m yo; paske, yo te pi fò pase m.
[19] Jou m te detrès, yo atake m, Men, se Letènèl ki te sipòte m.
[20] Li libere m. Li delivre m, paske li pran plezi nan mwen.
[21] Letènèl rekonpanse m daprè jistis mwen. Wi, daprè jan men m pwòp la, li rekonpanse m.
[22] Paske, mwen te kenbe chemen Letènèl la, Epi mwen pa t fè mechanste ni rete lwen Bondye m nan;
[23] Paske, tout jijman l yo te devan m, Epi mwen pa t mete prensip li yo sou kote.
[24] Mwen te san repwòch devan l. Mwen te kenbe tèt mwen pou m pa peche.
[25] Letènèl te rekonpanse m daprè jistis mwen, Daprè jan men m pwòp devan je li.
[26] Ou montre w fidèl ak moun ki fidèl. Ou montre w san repwòch ak moun ki san repwòch.
[27] Ou montre ou san tach ak moun ki san tach. Ou montre ou entèlijan ak moun ki pèvèti.
[28] Paske, ou sove moun ki imilye yo devan w, Men ou bese moun ki gade ak awogans.
[29] Se ou menm ki fè lanp mwen klere. Letènèl, Bondye mwen, fè fènwa m tounen limyè.
[30] Avèk ou, mwen kouri dèyè yon bann ame. Avèk Bondye m nan, mwen ka vole tèt yon miray.
[31] Kanta pou Bondye, chemen l san repwòch. Pawòl Letènèl demontre tèt li. Li se yon boukliye pou tout moun ki chèche refij nan li.
[32] Paske kiyès ki Bondye, si se pa Letènèl? Kiyès ki gwo wòch, si se pa Bondye nou an?
[33] Bondye ki ame m ak fòs la, Epi ki fè chemen m san repwòch la.
[34] Li fè pye m tankou pye yon jèn ti bich. Li leve m mete nan plas ki wo.
[35] Li montre m fè lagè ak men, E ponyèt mwen ka koube yon banza an kuiv.
[36] Ou ban mwen boukliye delivrans ou. Men dwat ou soutni mwen, Epi ou desann pou w fè m grandi.
[37] Ou laji chemen mwen anba pye m, E mwen pa pèdi pye.
[38] Mwen rapousuiv lènmi m yo, mwen kenbe yo. Mwen pa fè bak jiskaske m fin detui yo.
[39] Mwen kraze yo, yo pa ka leve kanpe. Yo tonbe anba pye m.
[40] Ou ame m ak fòs pou batay la. Ou fè moun ki leve kont mwen yo koube anba m.
[41] Ou fè lènmi m yo vire do kouri devan m. Mwen elimine moun ki rayi m yo.
[42] Yo rele sekou, men, pa gen pèsonn pou delivre yo. Yo rele Letènèl, men, li pa reponn yo.
[43] Mwen krabinen yo tankou pousyè nan van. Mwen voye yo jete tankou labou nan lari.
[44] Ou delivre m anba zizani nan mitan pèp yo. Ou mete m alatèt nasyon yo; Pèp mwen pa t konnen ap sèvi m.
[45] Tande yo tande m, yo obeyi m. Menm pitit etranje ap flate m.
[46] Pitit etranje yo pèdi bon sans yo, Yo tranble, lè yo soti nan fò yo.
[47] Viv Letènèl! Benediksyon pou woche mwen an! Se pou yo egzalte Bondye ki sove m nan.
[48] Se li ki Bondye ki pran vanjans mwen an, Bondye ki fè pèp yo koube anba m nan.
[49] Li delivre m anba lènmi m yo. Wi, ou mete m pi wo pase moun ki leve kont mwen yo. Ou delivre m anba moun ki vyolan.
[50] Letènèl, poutèt sa, m ap louwe ou pami nasyon yo. E, m ap chante pou non ou.
[51] Li bay wa li a yon gran delivrans. Li montre jan li bon pou David, sila li chwazi a, Epi pou desandans li pou tout tan.