Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 2:07

[1] Chan. Yon sòm pitit Kore yo.

[2] Letènèl gran. Li merite tout lwanj, Nan vil Bondye nou an, sou montay li a ki sen.

[3] Ti mòn nan bèl, se jwa tout latè; Se mòn Siyon nan zòn nò a, Vil gran wa a.

[4] Nan palè Siyon yo, Yo konnen Bondye kòm yon refij.

[5] Paske, gade! Wa yo rasanble. Yo tout pase ansanm.

[6] Yo gade, epi se konsa yo sezi. Yo twouble, epi yo pran kouri.

[7] Yo pran tranble la, doulè pran yo Tankou yon fanm ki gen tranche,

[8] Tankou lè van lès Te kraze bato Tasis yo.

[9] Jan nou te tande l la, Se konsa nou te wè l nan vil Letènèl dèz ame a, Nan vil Bondye nou an. Bondye ap mete l kanpe fèm pou letènite. – Poze!

[10] O Bondye, nou panse ak favè ou, Nan mitan tanp ou.

[11] O Bondye, tankou non ou, Se konsa lwanj ou rive nan dènye bout latè. Ou plen jistis nan men dwat ou.

[12] Mòn Siyon rejwi, Pitit fi Jida yo nan gwo kontantman, Poutèt jijman ou yo.

[13] Pakouri nan Siyon, fè tou li; Konte fòtrès li yo.

[14] Obsève ranpa Siyon yo, Egzamine palè l yo, Pou w rakonte l bay jenerasyon k ap vini an.

[15] Men Bondye ki Bondye nou an pou le tan e letènite! Se li menm k ap gide nou jiska lamò.

Liv Sòm Yo — Chapters