[1] Pou Maestwo koral la. Sou enstriman uit kòd la. Yon sòm David.
[2] Letènèl, sekou! Paske moun ki devwe pou ou yo fini. Moun ki fidèl yo disparèt nan mitan pitit lèzòm yo.
[3] Youn ap bay lòt manti. Youn ap flate lòt. Yo pale ak de kè.
[4] Se pou Letènèl koupe bouch tout flatè, Epi lang k ap pale avèk awogans,
[5] K ap di: Nou vin fò avèk lang nou. Nou gen bouch nou avè nou. Ki moun ki mèt nou?
[6] Poutèt y ap maltrete pòv yo, poutèt rèl malere yo, Letènèl di: Kounye a, m ap leve kanpe. M ap ba l sekirite l ap trimen pou li a.
[7] Pawòl Letènèl yo se pawòl ki pwòp, Tankou ajan yo rafine nan founèz dife sou tè a, Ajan yo netwaye sèt fwa.
[8] Ou menm Letènèl, w ap kenbe yo, W ap prezève yo kont jenerasyon sa a pou tout tan.
[9] Mechan yo pwomennen fè laviwonn, Kote pitit lèzòm yo leve vanite wo.