[1] Yon chan lwanj David te ekri. M ap egzalte ou, Bondye mwen, wa mwen. M ap beni non ou pou le tan e letènite.
[2] M ap beni ou chak jou, M ap louwe non ou pou le tan e letènite.
[3] Letènèl gran, li vrèman merite lwanj, Ou pa ka sonde grandè li nèt ale.
[4] Jenerasyon apre jenerasyon va selebre zèv ou, Yo va rakonte zèv pisans ou.
[5] M ap medite sou ekla glwa ou ak grandè ou, M ap panse istwa mèvèy ou yo.
[6] Yo va pale de pisans ou ki fè moun gen krentif, M ap rakonte grandè ou.
[7] Yo va pwoklame e fè sonje gran bonte ou, Yo va pwoklame jistis ou byen fò.
[8] Letènèl fè gras, li gen konpasyon, Li pa prese fè kòlè, li plen ak bonte.
[9] Letènèl bon pou tout kreyati, Konpasyon li kouvri tout zèv li yo.
[10] Tout zèv ou yo ap louwe ou, Letènèl. Fidèl ou yo ap beni ou.
[11] Yo va rakonte glwa wayòm ou, Yo va pale de pisans ou
[12] Pou fè pitit lòm yo konnen pisans ou, Gran glwa ak gran limyè wayòm ou.
[13] Wayòm ou se yon wayòm ki la pou tout letènite. Dominasyon ou dire pandan tout jenerasyon.
[14] Letènèl soutni tout moun ki tonbe, Li drese tout sa yo ki koube.
[15] Tout je vire w avèk espwa, Se ou menm ki ba yo manje nan sezon yo.
[16] Ou louvri men ou, Ou rasazye tout sa k ap viv daprè dezi yo.
[17] Letènèl jis nan tout chemen li, Li fidèl nan tout zèv li yo.
[18] Letènèl toupre moun ki envoke l, Tout moun k ap envoke l ak senserite.
[19] Li akonpli dezi moun ki gen krentif pou li, Li tande kri yo, li delivre yo.
[20] Letènèl prezève tout moun ki renmen li, Men, li detui tout mechan yo.
[21] Bouch mwen va pibliye lwanj Letènèl; Se pou tout kreyati beni non li ki sen, Pou le tan e letènite!