[1] Pou maestwo koral la. Sou flèdelis temwen an. Yon sòm David pou anseye.
[2] Lè David t ap fè lagè ak moun Siri yo nan Mezopotami ak Zoba. Se lè sa a tou Joab te tounen, apre l te fin bat douzmil Edomit nan plenn Sèl.
[3] O Bondye, ou te repouse nou, ou te brize nou. Ou te fache. Tounen ak nou ankò!
[4] Ou fè latè tranble, ou fann li. Repare twou yo, paske li tranble.
[5] Ou fè pèp ou wè bagay ki rèd. Ou fè nou bwè yon diven toudisman.
[6] Ou bay moun ki gen krentif pou ou yo yon banyè Pou yo rasanble anba l devan flèch. – Poze!
[7] Pou moun ou renmen yo ka sove, Sove nou ak men dwat ou, reponn nou.
[8] Bondye di, grasa non li ki sen: M ap triyonfe, M ap separe Sichèm, m ap mezire vale Soukòt.
[9] Galaad se pou mwen, Manase se pou mwen. Efrayim se kas nan tèt mwen, e Jida se baton kòmandman m.
[10] Moab, se kivèt pou m benyen, Mwen voye soulye m sou Edon. Peyi Filisten, fè gwo bri poutèt mwen.
[11] Kilès k ap mennen m nan vil ki gen ranpa a? Kilès k ap mennen m Edon?
[12] Bondye, èske se pa ou menm ki te repouse nou, Ki pa soti ak lame nou yo ankò, Bondye?
[13] Ban nou sekou kont lènmi. Sekou lòm pa vo anyen.
[14] Ak Bondye, n ap fè laviktwa. Paske, se li menm k ap kraze lènmi nou yo.