[1] Sòm. Yon kantik pou konsekrasyon kay la. Yon sòm David.
[2] Letènèl, mwen egzalte ou, paske ou rale m monte. Ou pa t pèmèt lènmi m yo rejwi sou do m.
[3] Letènèl, Bondye mwen! Mwen kriye ba ou, epi ou geri mwen.
[4] Letènèl, ou rale nanm mwen soti nan peyi-mò. Ou fè m reviv lwen moun ki desann nan twou.
[5] Chante pou Letènèl, nou menm fidèl li yo. Selebre non li ki sen.
[6] Paske, kòlè l dire pou yon ti tan; Men, bonte li dire tout lavi. Leswa, kriye vini, Nan maten se kè kontan.
[7] Pou jan mwen te an sekirite, mwen te di: Mwen p ap janm bite!
[8] Letènèl, nan bonte ou, ou fè montay mwen an vin fèm. Ou kache fas ou, epi mwen twouble.
[9] Letènèl, mwen kriye ba ou. Mwen soupriye Senyè a.
[10] Kisa ou ap jwenn, lè ou vèse san mwen, Lè ou fè m desann nan tonbo? Èske pousyè fè lwanj pou ou? Èske li rakonte jan ou fidèl?
[11] Letènèl, tande mwen. Gen pitye pou mwen, pote m sekou.
[12] Ou fè kriye m yo chanje an dans. Ou retire rad sak ki te sou mwen, ou mete yon sentiwon lajwa nan ren m,
[13] Pou kè m chante pou ou, pou l pa rete nan silans. Letènèl, Bondye mwen, m ap toujou louwe ou.