[1] Yon sòm David. Pitit Bondye, bay Letènèl, Bay Letènèl glwa ak onè.
[2] Bay Letènèl glwa pou non li. Koube devan li avèk abiman sakre.
[3] Vwa Letènèl sonnen sou dlo yo. Bondye laglwa a fè loraj gwonde. Letènèl sou gwo dlo yo.
[4] Vwa Letènèl gen pisans. Vwa Letènèl gran.
[5] Vwa Letènèl kase pye sèd yo. Letènèl kase sèd Liban yo.
[6] Letènèl fè yo ponpe tankou jèn gazèl bèf. Letènèl fè Liban ak Siryon ponpe tankou jèn towo bèf.
[7] Vwa Letènèl fè flanm dife eklate.
[8] Vwa Letènèl fè dezè a tranble. Letènèl fè dezè kadès la tranble.
[9] Vwa Letènèl fè bich yo fè pitit, Li dezabiye rakbwa yo. Nan palè Letènèl, tout bagay ap di: Glwa!
[10] Letènèl te chita sou twòn li, lè delij la. Letènèl ap domine sou twòn li pou letènite.
[11] Letènèl bay pèp li fòs. Letènèl beni pèp li, li beni pèp li ak lapè.