[1] Pou Maestwo koral la. Yon kantik. Yon sòm. Tout moun sou latè, Pouse rèl kontantman pou Bondye.
[2] Chante glwa non li. Ba li lwanj ki plen ak glwa.
[3] Di Bondye: Ala terib zèv ou yo terib. Akòz grandè ou, lènmi w yo bese devan w.
[4] Tout latè koube devan w, e yo chante pou ou, Yo chante non ou. – Poze!
[5] Vini! Kontanple zèv Bondye yo! Zèv li fè pou pitit lòm yo terib.
[6] Li fè lanmè tounen tè sèk, Yo travèse flèv la a pye. Se la nou te rejwi nan li.
[7] Bondye domine ak pisans li pou tout tan, Je l ap veye nasyon yo; Pa kite rebèl yo leve kont li. – Poze!
[8] Nou menm pèp yo, beni Bondye nou an, Fè tande son lwanj li.
[9] Li konsève lavi nanm nou, Li pa kite pye nou glise.
[10] Paske, Bondye, ou sonde nou. Ou teste nou tankou ou rafine ajan.
[11] Ou mennen nou nan filè, Ou mete yon fado lou sou ren nou.
[12] Ou fè moun monte sou tèt nou, Nou pase ni nan dife ni nan dlo, Men, ou fè nou soti pou ban nou labondans.
[13] Mwen prale lakay ou ak olokos. M ap respekte ve mwen te fè w yo,
[14] Ve mwen te louvri bouch mwen pou yo a, Ve bouch mwen te fè nan detrès mwen.
[15] M ap ofri olokos mouton gra, M ap fè lafimen bouk kabrit yo monte devan w. M ap fè sakrifis bèf ak bouk kabrit. – Poze!
[16] Vini, tande! Nou tout ki gen krentif pou Bondye, M a rakonte nou sa li fè pou nanm mwen.
[17] Mwen te rele l ak bouch mwen, Mwen te egzalte l ak lang mwen.
[18] Si m te gade mechanste nan kè m, Senyè a pa t ap tande m.
[19] Men, Bondye te tande m. Li te koute son priyè m.
[20] Se pou Bondye beni, Li menm ki pa t rejte priyè m, Li menm ki pa t refize m favè li.