Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 1:07

[1] Kantik eskalye yo. Nan detrès mwen, mwen kriye bay Letènèl. E li reponn mwen.

[2] Letènèl, delivre nanm mwen anba bouch k ap bay manti, Anba lang k ap twonpe.

[3] Kisa y ap ba ou, lang mantè? Kisa sa rapòte ou?

[4] Flèch pwenti vanyan gason yo, Ak chabon dife gayak.

[5] Malè pou mwen menm ki abite Mechèk, Ki abite nan tant Keda yo!

[6] Gen lontan depi nanm mwen rete Ansanm ak moun ki rayi lapè.

[7] Mwen pou lapè. Men, depi m pale, Yo menm, yo pou lagè.

Liv Sòm Yo — Chapters