Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 2:52

[1] Pou maestwo koral la. Yon sòm David. Letènèl, ou sonde m, Ou konnen m.

[2] Ou konnen ni lè m chita ni lè m leve. Menm byen lwen, ou konprann panse m.

[3] Ou konnen ni lè m mache ni lè m kouche, Ou abitye ak tout chemen mwen.

[4] Paske, pawòl la poko menm sou lang mwen; Gade! Letènèl, ou konnen l nèt.

[5] Ou antoure m ni devan ni dèyè, Ou mete men ou sou mwen.

[6] Yon konesans konsa twò mèvèye pou mwen, Li twò wo pou mwen ta kenbe l.

[7] Ki bò pou m ta ale pou m ta lwen Lespri ou? Ki bò pou m ta kouri pou m ta lwen fas ou?

[8] Si mwen monte nan syèl, ou la; Si mwen kouche nan peyi-mò, men ou!

[9] Si mwen pran zèl granmaten, Si m al abite nan dènye bout lanmè,

[10] La tou, men w ap dirije m, Men dwat ou ap soutni m.

[11] Si mwen di: Omwens fènwa ap kouvri m, Lannuit tounen limyè toutotou mwen;

[12] Menm fènwa pa fè nwa pou ou, Lannuit klere kon lajounen, Fènwa klere tankou limyè.

[13] Se ou ki fòme ren mwen, Ou te trese m nan vant manman m.

[14] M ap louwe w, paske m se yon kreyati admirab e mèvèye; Travay ou se mèvèy. E nanm mwen konnen sa byen.

[15] Zo m yo pa t kache devan ou Lè mwen te fèt nan yon lye sekrè, Lè mwen te trese nan fon latè.

[16] Lè mwen te yon mas san fòm, ou te wè mwen; Tout jou ou te fikse pou mwen yo te enskri nan liv ou, Anvan youn ladan yo te egziste.

[17] Ala gran valè panse ou yo gen pou mwen, Bondye, Ala anpil kantite yo anpil!

[18] Si mwen konte yo, Yo pi plis pase sab bò lanmè. Mwen reveye e mwen toujou avè w.

[19] O Bondye, si w te fè mechan an mouri! Retire nou bò kote m, nou menm k ap fè san koule!

[20] Yo pale sou ou ak mechanste, Lènmi ou yo pran non ou pou yo fè manti.

[21] Letènèl, èske m pa dwe rayi moun ki rayi ou, Gen degoutans pou moun ki leve kont ou?

[22] Mwen rayi yo yon dènye rayi, Se lènmi yo devni pou mwen.

[23] Sonde m, Bondye, konnen kè m! Teste m e konnen panse ki domine m!

[24] Gade si m sou yon move chemen, Mennen m sou chemen letènite!

Liv Sòm Yo — Chapters