[1] Pou Maestwo koral la. Yon kantik pitit Kore yo.
[2] Tankou yon bich ki swaf anpil ap chèche ravin dlo, Se konsa nanm mwen swaf ou anpil, Bondye.
[3] Nanm mwen swaf Bondye, Bondye vivan an. Kilè m a ale pou m parèt devan fas Bondye?
[4] Dlo je m, se sa ki manje m lajounen tankou lannuit, Pandan moun ap di m chak jou: Kote Bondye w la?
[5] Kè m ap rache, lè m ap sonje bagay sa yo, Lè mwen t ap mache ak foul la; Lè mwen t ap mennen yo lakay Bondye, Nan mitan chan lajwa ak remèsiman Yon foul moun k ap fete.
[6] Nanm mwen, poukisa w ap depafini, Poukisa w ap jemi anndan m? Mete espwa ou nan Bondye, paske m a louwe l ankò pou delivrans li.
[7] O Bondye, nanm mwen depafini anndan m. Konsa se ou m ap sonje depi nan peyi Jouden, Depi Èmon, depi mòn Miza.
[8] Yon delij dlo mennen yon lòt delij dlo anba bri gwo dlo w yo. Tout flo ak tout vag ou yo pase sou mwen.
[9] Lajounen, Letènèl voye gras li. Lannuit, chan li akonpànye m. Se yon priyè mwen fè bay Bondye lavi m nan.
[10] Mwen di Bondye, Woche m nan: Poukisa ou bliye m? Poukisa m dwe viv nan tristès, Anba lènmi k ap peze m nan?
[11] Zo m yo kraze, lè advèsè m ap meprize m, Pandan y ap di m chak jou: Kote Bondye w la?
[12] Nanm mwen, poukisa w ap depafini epi w ap jemi anndan m? Mete espwa ou nan Bondye, paske, m a louwe l ankò. Li se delivrans, Bondye mwen.