[1] Pou Maestwo koral la. Yon kantik pitit Kore yo.
[2] Bondye, nou te tande ak zòrèy nou, Zansèt nou yo te rakonte nou Travay ou te fè nan tan pa yo, Nan jou pase yo.
[3] Avèk men ou, ou te chase nasyon yo pou w tabli yo. Ou frape anpil pèp pou etann yo.
[4] Paske, se pa ak epe yo, yo te posede tè a. Se pa t ponyèt yo ki te sove yo. Men, se men dwat ou, se ponyèt ou, se limyè fas ou, Paske, ou pran plezi nan yo.
[5] O Bondye, se ou menm ki wa mwen. Bay lòd pou Jakòb jwenn delivrans.
[6] Avèk ou n ap fè lènmi nou yo kilbite. Nan non ou, n ap foule moun ki leve kont nou yo anba pye.
[7] Paske, se pa nan banza m mwen konfye m. Epe mwen p ap ka sove m.
[8] Men, se ou menm k ap sove nou anba advèsè nou yo. Se ou menm k ap fè moun ki rayi nou yo wont.
[9] Nou glorifye nou nan Bondye chak jou, N ap louwe non ou pou tout tan. – Poze!
[10] Epoutan, ou voye nou jete. Ou kouvri nou ak lawont. Ou pa soti ak lame nou yo ankò.
[11] Ou fè nou fè bak devan lènmi nou yo. Moun ki rayi nou yo piye nou.
[12] Ou livre nou tankou mouton pou yo devore. Ou gaye nou nan mitan nasyon yo.
[13] Ou vann pèp ou a pou granmesi. Ou pa fè benefis sou pri yo.
[14] Ou fè nou tounen lawont pou vwazen nou yo, Yon mepriz, yon rizib pou moun ki antoure nou.
[15] Ou fè nou tounen yon pwovèb pami nasyon yo. Moun souke tèt yo sou nou pami pèp yo.
[16] Chak jou dezonè m nan devan mwen. Lawont mwen bouche figi m,
[17] Lè m tande moun k ap meprize m, moun k ap pase m nan rizib, Lè m wè lènmi an ak moun k ap vanje tèt yo.
[18] Tout sa rive nou san nou pa bliye ou, San nou pa vyole alyans ou.
[19] Nou pa detounen nan kè nou, Ni nou pa mache lwen chemen ou.
[20] Men, ou kraze nou nan mitan chakal, Ou kouvri nou anba lonbraj lanmò.
[21] Si nou te bliye non Bondye nou an, Si nou te tann men nou bay yon dye etranje,
[22] Èske Bondye pa t ap dekouvri sa, Li menm ki konnen sekrè ki nan kè?
[23] Poutèt ou menm, se toulejou y ap tiye nou, Yo konsidere nou tankou mouton y ap gòje.
[24] Leve! Poukisa w ap dòmi, Senyè. Reveye w! Pa voye nou jete pou tout tan.
[25] Poukisa ou kache fas ou? Poukisa ou bliye jan nou nan mizè nou ak jan y ap peze nou.
[26] Wi, nanm nou neye nan pousyè. Kò nou kole nan tè.
[27] Leve pou w pote nou sekou. Rachte nou akòz fidelite ou.