[1] Kantik. Yon sòm Asaf.
[2] O Bondye, pa rete an silans. Pa fèmen bouch ou, e pa rete san fè anyen, Bondye.
[3] Paske, gade! Lènmi ou yo ap bat kò yo, Moun ki rayi ou yo leve tèt yo.
[4] Y ap fè konplo kont pèp ou, Y ap fè plan kont moun ou kache yo.
[5] Yo di: Vini! Annou disparèt yo kòm nasyon. Se pou moun pa janm sonje non Izrayèl ankò.
[6] Paske, yo mete tèt ansanm pou fè konplo, Yo fè yon alyans kont ou;
[7] Tant Edon yo ak moun Izmayèl yo, Tant Moab yo ak Agarenyen yo;
[8] Gebal, Amon, Amalèk, Moun Filisti yo ak abitan Ti yo;
[9] Menm Lasiri avèk yo tou, Li prete pitit Lòt yo kout men. – Poze!
[10] Trete yo tankou Madyan, Tankou Sizera ak Jaben bò rivyè Kichon an.
[11] Yo te peri nan Andò. Yo te tounen fimye pou tè a.
[12] Trete chèf yo tankou Orèb ak Zeèb, Trete tout prens yo tankou Zebak ak Salmouna.
[13] Paske, yo di: Annou pran abitasyon Bondye yo pou nou.
[14] O Bondye mwen, fè yo tankou yon toubiyon, Tankou pay van ap pote ale.
[15] Tankou dife k ap boule yon rakbwa, Tankou flanm dife k ap boule mòn,
[16] Pousuiv yo ak tanpèt ou, Fè yo tranble ak kout loraj ou.
[17] O Letènèl, kouvri figi yo ak lawont, Pou yo ka chèche non ou.
[18] Se pou yo wont, se pou yo tranble pou tout tan. Wi, se pou yo nan konfizyon, se pou yo peri.
[19] Se pou yo konnen, se ou menm sèl ki rele Letènèl, Ou se Bondye Trè Wo sou tout latè.