Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 1:28

[1] Letènèl ap reye, pèp yo tranble. Li chita sou cheriben yo, latè sekwe.

[2] Letènèl gran nan Siyon, Li leve sou tèt tout pèp yo.

[3] Se pou yo selebre non li ki gran, ki terib! Li sen!

[4] Wa a pisan, li renmen lajistis. – Se ou menm ki tabli la jistis. Se ou menm ki egzekite jijman ak ladwati nan Jakòb. –

[5] Egzalte Letènèl, Bondye nou an, Pwostène nou devan machpye li! Li sen!

[6] Moyiz ak Aawon pami sakrifikatè l yo, Samyèl pami moun k ap envoke non l yo. Yo envoke Letènèl, li reponn yo.

[7] Li pale ak yo nan kolonn nyaj yo, Yo kenbe temwayaj li yo ak prensip li te ba yo.

[8] Letènèl, Bondye nou, ou te reponn yo. Pou yo, ou te yon Bondye ki padone, Men, ki pini fot yo fè.

[9] Egzalte Letènèl, Bondye nou an, Pwostène sou montay li a ki sen. Paske, Letènèl, Bondye nou an, sen.

Liv Sòm Yo — Chapters