Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 2:15

[1] Pou maestwo koral la. Yon sòm David.

[2] Syèl la rakonte glwa Bondye, Epi gwo vout anlè a fè konnen travay men li.

[3] Yon jou bay yon lòt jou nouvèl. Yon nuit fè yon lòt nuit konnen.

[4] Se pa pawòl; se pa mo; Moun pa tande vwa yo.

[5] Epoutan, tras yo pase sou tout tè a, Mesaj yo ale nan dènye bout lemonn, Kote li monte yon tant pou solèy la.

[6] Solèy la sanble ak yon mesye marye ki soti nan chanm li, Ki rejwi tankou yon nonm vanyan ki lanse l nan kous li.

[7] Li pati depi nan yon pwent syèl la, Li travèse jis nan lòt pwent lan. Anyen pa chape anba chalè li.

[8] Lalwa Letènèl san repwòch, li restore nanm mwen. Temwayaj Letènèl fidèl, li fè moun sòt vin saj.

[9] Lòd Letènèl yo dwat, yo rejwi kè m. Kòmandman Letènèl yo san tach, yo klere je m.

[10] Krentif Letènèl pwòp, li kanpe pou tout tan. Jijman Letènèl fidèl, yo tout jis.

[11] Moun anvi yo plis pase lò, plis pase anpil lò fen. Yo pi dous pase myèl, pase siwo myèl k ap degoute.

[12] Epitou, yo enstui sèvitè ou. Gen gwo rekonpans pou moun ki kenbe yo.

[13] Ki moun ki konprann fot li yo? Padone m peche mwen fè san m pa konnen.

[14] Epi prezève sèvitè w anba peche li ka fè an awogan. Pa kite yo domine sou mwen. Lè sa a, m ap san repwòch, epi m ap inosan annegad gwo peche.

[15] O Letènèl, gwo wòch mwen, redanmtè mwen, Se pou pawòl nan bouch mwen Ak meditasyon nan kè mwen fè w plezi,

Liv Sòm Yo — Chapters