Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 0:53

[1] Kantik eskalye yo. Mwen leve je m gade w, Ou menm ki chita nan syèl la.

[2] Gade! Tankou je sèvitè yo fikse sou men mèt yo, Tankou je sèvant lan fikse sou men mètrès li, Se konsa je nou fikse sou ou, Letènèl, Bondye nou, Jiskaske ou gen pitye pou nou.

[3] Gen pitye pou nou, Letènèl, gen pitye pou nou! Paske, nou twò rasazye ak mepriz.

[4] Nanm nou plis pase rasazye Ak mokri moun ki alèz yo ak mepriz awogan yo.

Liv Sòm Yo — Chapters