Listen to this chapter • 1:28
[1] Louwe Letènèl! Sèvitè Letènèl, louwe! Louwe non Letènèl!
[2] Se pou non Letènèl beni, Depi kounye a ak pou tout tan!
[3] Depi solèy leve jiskaske li kouche, Se pou yo louwe non Letènèl!
[4] Letènèl egzalte anwo tout nasyon yo, Glwa li anwo syèl la.
[5] Kilès ki sanble ak Letènèl, Bondye nou an? Li chita anwo.
[6] Li bese pou gade Sou syèl la epi sou tè.
[7] Li retire pòv la nan pousyè, Li leve malere a sot nan fimye,
[8] Pou l fè yo chita ak notab yo, Ak notab pami pèp li.
[9] Li fè fi ki pa t ka fè pitit abite nan kay, Li fè l vin yon manman ki kontan nan mitan pitit li yo. Louwe Letènèl!
Liv Sòm Yo — Chapters
123456789101112131415161718192021222324252627282930313233343536373839404142434445464748495051525354555657585960616263646566676869707172737475767778798081828384858687888990919293949596979899100101102103104105106107108109110111112113114115116117118119120121122123124125126127128129130131132133134135136137138139140141142143144145146147148149150