Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 1:32

[1] Pou Maestwo koral la. Sou enstriman a kòd. Yon sòm David.

[2] O Bondye, koute kri mwen. Tande priyè mwen.

[3] Depi dènye pwent latè, mwen kriye ba ou ak yon kè dekouraje. Mennen m sou woche ki pi wo pase m nan.

[4] Paske, ou se refij mwen, Yon fòtrès pisan kont lènmi an.

[5] Mwen ta renmen rete nan tant ou pou letènite, Mwen ta renmen chèche refij anba lonbraj zèl ou. – Poze!

[6] Paske, ou menm, Bondye, ou tande ve mwen yo. Ou ban m eritaj moun ki gen krentif pou non ou.

[7] Ajoute jou sou jou wa a, Se pou ane l yo pwolonje jenerasyon apre jenerasyon.

[8] Se pou l rete sou twòn nan devan Bondye pou letènite; Fè bonte w ak fidelite w veye sou li.

[9] Konsa, m a chante non ou san rete, Nan kenbe ve m te fè yo chak jou.

Liv Sòm Yo — Chapters