Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 1:06

[1] Kantik eskalye yo. Benediksyon pou tout moun ki gen krentif pou Letènèl, Ki mache nan chemen l yo!

[2] Ou jwi travay men ou, Ou kontan, e ou byen.

[3] Madanm ou ap tankou yon pye rezen ki donnen Anndan lakay ou. Pitit ou yo ap tankou boujon pye oliv Toutotou tab ou.

[4] Se konsa moun sa a beni, Moun ki gen krentif pou Letènèl.

[5] Letènèl ap beni w depi nan Siyon, Ou ap wè bonè Jerizalèm Chak jou nan lavi w.

[6] Ou ap wè pitit pitit ou. Se pou lapè rete sou Izrayèl!

Liv Sòm Yo — Chapters