[1] Yon sòm David. Letènèl, m ap rele w; prese vin kote m. Koute vwa mwen, lè mwen rele w!
[2] Se pou priyè m tankou lansan devan ou, Lè m leve men m, se pou sa tankou ofrann yo fè chak swa.
[3] Letènèl, mete yon gad veye bouch mwen, Veye sou pòt bouch mwen!
[4] Pa kite kè m panche bò bagay mechanste, Zak koupab ak moun k ap fè inikite; Pa kite m patisipe nan fèt yo!
[5] Kite jis la frape m, se yon favè; Kite l pini m, se luil sou tèt mwen. Pa kite tèt mwen refize l. Men, priyè m ap toujou monte kont mechanste.
[6] Se pou yo jete jij pa yo sou flan woche yo. Lè sa a, y ap tande pawòl mwen, paske yo bèl.
[7] Tankou lè y ap laboure, lè y ap fann tè, Se konsa zo nou gaye nan pòt peyi-mò.
[8] Men, Senyè Letènèl, se bò kote w mwen vire je m. Se nan ou mwen jwenn refij; Pa ekspoze lavi m!
[9] Prezève m kont pyèj yo tann pou mwen an, Kont pèlen moun k ap komèt inikite.
[10] Se pou mechan yo tonbe nan pwòp filè yo, Pandan m ap chape anba l!