[1] Pou Maestwo Koral la. Sou flèdelis. Yon kantik pitit Kore yo. Yon chan damou.
[2] Kè m ap bouyi ak bon pawòl. Mwen di: Travay mwen se pou wa a. Se pou lang mwen tounen yon plim nan men yon ekriven abil.
[3] Pami pitit lèzòm yo, se ou ki pi bèl. Pawòl dous ap koule nan bouch ou. Se poutèt sa Bondye beni w tout tan.
[4] Vanyan gason, pase epe ou nan senti ou: Se onè w, se glwa ou!
[5] Wi, nan glwa ou, pote laviktwa, monte sou cha ou, Defann laverite, imilite ak lajistis. Se pou men dwat ou montre aksyon ki bay krentif.
[6] Flèch ou yo file; Pèp yo tonbe anba w. Flèch ou yo pèse kè lènmi wa a.
[7] O Bondye, twòn ou la pou le tan e pou letènite. Baton kòmandman wayòm ou an se yon baton kòmandman ki jis.
[8] Ou te renmen jistis, e ou te rayi rebelyon. O Bondye, se poutèt sa sila ki Bondye w la te konsakre w; Li te vide yon luil kontantman sou ou pito, olye sou konpayon w yo.
[9] Lami, lalwa ak kas fè tout rad ou santi bon. Nan palè ann ivwa yo, enstriman a kòd yo fè w kontan.
[10] Gen pitit fi wa pami medam donè w yo. Rèn nan kanpe adwat ou, li dekore ak lò Òfi.
[11] Tande, pitit fi m, gade epi panche zòrèy ou. Bliye pèp ou a ak lakay papa w.
[12] Wa a renmen ou, ou bèl. Onore l, paske li se mèt ou.
[13] Pitit fi Ti a, Moun rich nan pèp ou va chèche favè w ak kado.
[14] Pitit fi wa a, anndan palè a, plen ak onè. Rad li bwode annò.
[15] Yo mennen l bay wa a, li abiye ak rad bwode. Dèyè l, yo mennen jèn fi, konpayon l yo ba ou.
[16] Yo prezante yo nan mitan lajwa ak rejwisans, Yo antre nan palè wa a.
[17] Pitit ou yo ap pran plas zansèt ou yo. W ap mete yo prens nan tout peyi a.
[18] M ap fè sonje non ou nan tout jenerasyon. Konsa, pèp yo va selebre w pou le tan e letènite.