[1] Yon sòm David. Nanm mwen, beni Letènèl! Tout sa ki nan mwen, beni non li ki sen!
[2] Nanm mwen, beni Letènèl! Pa bliye okenn nan byenfè li yo.
[3] Se li menm ki padone tout inikite w yo, Ki geri tout maladi w yo.
[4] Se li menm ki rachte lavi w nan bouch twou, Ki kouwone w ak bonte epi konpasyon.
[5] Se li menm ki satisfè w yo ak bon bagay. Ki fè w rajeni tankou malfini.
[6] Letènèl fè moun jistis, Li fè tout moun y ap peze yo dwa.
[7] Li fè Moyiz konnen chemen li, Li fè pitit Izrayèl yo konnen zèv li.
[8] Letènèl gen konpasyon ak gras, Li pran tan pou l fè kòlè, li plen bonte.
[9] Li pa akize san rete, Li pa kenbe kòlè l pou tout tan.
[10] Li pa trete nou daprè peche nou yo, Li pa pini nou daprè inikite nou yo.
[11] Men, menm jan syèl la lwen anwo tè a, Se konsa bonte li gran pou moun ki gen krentif pou li.
[12] Menm jan kote solèy leve byen lwen kote solèy kouche, Se konsa li voye rebelyon nou yo jete lwen nou.
[13] Menm jan yon papa gen konpasyon pou pitit li, Se konsa Letènèl gen konpasyon pou moun ki gen krentif pou li.
[14] Paske, Letènèl konnen ak kisa nou fèt, Li sonje se pousyè nou ye.
[15] Pou lòm, jou l yo tankou zèb. Li fleri tankou flè savann.
[16] Lè yon van pase sou li, li pa la ankò. Plas li te ye a pa rekonèt li ankò.
[17] Men, bonte Letènèl dire pou letènite pou moun ki gen krentif pou li, Jistis li dire pou tout pitit pitit yo,
[18] Pou moun ki kenbe alyans li, Ki sonje prensip li yo pou egzekite yo.
[19] Letènèl tabli twòn li nan syèl la, Wayòm li ap domine sou tout bagay.
[20] Beni Letènèl, nou menm zanj li yo, Ki pisan nan fòs, k ap egzekite lòd li, Kòm n ap obeyi pawòl li.
[21] Beni Letènèl, nou tout lame l yo K ap sèvi l e k ap fè volonte li!
[22] Beni Letènèl, nou tout zèv li yo, Nan tout kote l ap domine! Nanm mwen, beni Letènèl!