Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 2:34

[1] Pou Maestwo koral la. Yon sòm David. Yon kantik.

[2] O Bondye, silans se lwanj pou ou nan Siyon. N ap akonpli ve nou te fè a.

[3] Ou menm ki tande priyè, Tout moun ap vini devan w.

[4] Pawòl inikite yo depase mwen. W a efase rebelyon nou yo.

[5] Benediksyon pou moun ou chwazi a, Moun ou fè pwoche pre a, Pou l abite lakay ou! N ap rasazye nan byen lakay ou, Nan tanp ou a ki sen.

[6] O Bondye delivrans nou, nan jistis ou, W ap reponn nou ak evènman terib, Ou menm, espwa dènye bout latè ak lanmè ki pi lwen.

[7] Ak fòs li, li fè montay yo fèm. Li ame ak pisans.

[8] Li fè bri lanmè yo sispann, bri vag lanmè yo, Ak ajitasyon pèp yo.

[9] Moun ki abite nan dènye bout latè pè akòz mèvèy ou yo. Ou fè maten ak aswè chante ak lajwa.

[10] Ou vizite latè, ou ba li labondans. Ou konble l ak richès. Ravin Bondye a plen dlo. Lè ou prepare latè konsa, ou prepare ble a.

[11] Lè ou wouze siyon yo, ou plani bit tè yo, Ou fè latè swa ak anpil lapli. Ou beni jèm ble a.

[12] Ou kouwone ane a ak bonte w, Nan tras pye w labondans tonbe.

[13] Patiraj dezè a koule dlo, Ti mòn yo gen gwo kontantman kòm senti.

[14] Patiraj yo kouvri ak mouton ak kabrit, Plenn yo abiye ak ble, Yo pouse gwo kri kontantman, epitou yo chante.

Liv Sòm Yo — Chapters