Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 1:35

[1] Louwe Letènèl! Chante yon kantik nouvo pou Letènèl! Chante lwanj li nan asanble fidèl yo!

[2] Se pou Izrayèl rejwi nan sila a ki te fè li! Se pou pitit Siyon yo rejwi anpil, Akòz wa yo a!

[3] Se pou yo louwe non li ak dans, Se pou yo selebre l ak sòm epi ak hap!

[4] Paske, Letènèl pran plezi nan pèp li, Li bay malere yo delivrans kòm dekorasyon.

[5] Se pou fidèl yo rejwi anpil nan laglwa, Se pou yo fè gwo bri kontantman sou kabann yo!

[6] Se pou lwanj Bondye nan bouch yo, Se pou epe de bò a nan men yo,

[7] Pou yo egzekite vanjans sou nasyon yo, Pou korije pèp yo,

[8] Pou mare wa yo ak chenn, Pou mare gran yo ak chenn an fè,

[9] Pou yo egzekite jijman ki ekri kont yo; Onè sa a se pou tout fidèl li yo. Louwe Letènèl!

Liv Sòm Yo — Chapters