Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 1:04

[1] Yon sòm David. Letènèl, ki moun ki ka rete nan tant ou? Ki moun ki ka abite sou montay ou a ki sen?

[2] Moun ki mache san repwòch, ki fè sa ki dwat, Epi ki pale verite nan kè li.

[3] Moun ki pa bay kout lang, Ki p ap fè zanmi l mal, Epi ki p ap denigre pwochen l.

[4] Moun ki meprize moun ki san valè nan je l, Ki onore moun ki gen krentif pou Letènèl, Ki pa chanje pawòl, men si l sèmante pou pwòp malè l.

[5] Moun ki pa eskonte lajan l, Ki pa pran lajan anba kont inosan an. Moun ki fè bagay sa yo p ap janm bite.

Liv Sòm Yo — Chapters