Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 3:59

[1] Yon sòm Asaf. Wi, Bondye bon pou Izrayèl, Pou moun ki gen kè yo pwòp.

[2] Men, pou mwen menm, pye m t apral bite. Pye m t apral glise.

[3] Paske, mwen te pote lanvi sou awogan yo, Lè mwen wè bonè mechan yo.

[4] Anyen pa toumante yo jis yo mouri, Yo gra nan kò yo.

[5] Yo pa gen pwoblèm moun konn genyen. Yo pa toumante menm jan ak lòt moun.

[6] Se poutèt sa, se lògèy ki sèvi chenn nan kou yo. Vyolans se rad ki vlope yo.

[7] Je yo gonfle ak grès. Imajinasyon kè yo depase mezi.

[8] Y ap moke, y ap pale ak mechanste pou peze moun. Yo pale ak awogans.

[9] Yo leve bouch yo kont syèl la, Lang yo ap pwomennen sou tè a.

[10] Konsa, pèp li a tounen jwenn yo, Yo bwè dlo labondans.

[11] Yo di: Kòman Bondye ap fè konnen? Èske gen konesans nan Bondye Trè Wo a?

[12] Gade! Se konsa mechan yo ye. Yo toujou alèz nan anpile richès yo.

[13] Vrèman, se an ven mwen te pirifye kè m. Se an ven mwen te lave men m nan inosans.

[14] Chak jou mwen frape. Chak maten chatiman m nan la.

[15] Si m te di: «Mwen vle pale tankou yo,» Gade! Mwen t ap trayi jenerasyon pitit ou yo.

[16] Mwen te reflechi pou m konprann sa. Pwoblèm nan te gran devan je m

[17] Jiskaske mwen ale nan sangtyè Bondye a. Mwen vin konprann sò mechan yo.

[18] Wi, ou mete yo sou chemen ki glise, Ou jete yo nan dezas.

[19] Kòman yo fè detui nan yon moman! Yo disparèt, yo fini nèt ak latèrè.

[20] O Senyè, tankou lè yon moun reveye nan rèv, Se konsa ou meprize imaj yo, lè ou reveye.

[21] Lè kè m te vin anmè, Lè m te santi zantray mwen t ap pèse,

[22] Mwen te egare, mwen te san konesans. Mwen te tankou bèt devan ou.

[23] Men, mwen toujou avè w. Ou kenbe men dwat mwen.

[24] Ou gide m ak konsèy ou. Apre sa, w ap resevwa m nan laglwa.

[25] Apre ou menm, kilès mwen gen nan syèl? E sou tè a, se nan ou sèl mwen pran plezi.

[26] Kò mwen, kè mwen ka depafini, Bondye ap toujou rete woche kè m ak eritaj mwen.

[27] Paske, gade! Moun ki ale lwen ou peri, Ou detui tout moun ki enfidèl.

[28] Pou mwen menm, pwoche kote Bondye, se sa ki byen mwen. Mwen fè Senyè a, Letènèl, tounen refij mwen. Konsa, m a rakonte tout zèv li yo.

Liv Sòm Yo — Chapters