Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 2:46

[1] Pou maestwo koral la. Yon sòm David.

[2] Lè pwofèt Natan te vin kote l, apre li t al kouche ak Batcheba.

[3] O Bondye, gen pitye pou mwen, pou jan ou gen bonte. Pou jan mizerikòd ou gran, efase peche m yo.

[4] Lave m nèt pou retire inikite m nan, Pirifye m pou retire peche m nan.

[5] Paske, mwen rekonèt fot mwen yo, Peche m nan toujou devan je mwen.

[6] Se kont ou, se kont ou menm mwen peche. Mwen fè sa ki mal devan je w, Konsa w ap jis nan santans ou, W ap san repwòch nan jijman ou.

[7] Gade! Mwen fèt nan inikite, Se nan peche mwen te fòme nan vant manman m.

[8] Men, ou pran plezi nan laverite ki nan fon kè: Ebyen, fè lasajès antre anndan m.

[9] Pirifye m ak izòp, e m ap vin pwòp. Lave m, e m ap vin pi blan pase lanèj.

[10] Fè m tande gwo kontantman ak lajwa, Epi zo ou kase yo va rejwi.

[11] Tounen fas ou pou pa wè peche m yo, Efase tout inikite m yo.

[12] O Bondye, kreye yon kè ki pwòp nan mwen, Renouvle yon lespri byen dispoze nan mwen.

[13] Pa jete m lwen fas ou, Pa retire Sentespri ou nan mwen.

[14] Ban mwen lajwa delivrans ou ankò. Soutni m ak yon lespri ki vle obeyi.

[15] M a montre rebèl yo chemen ou, E pechè yo va tounen vin jwenn ou.

[16] O Bondye, Bondye delivrans mwen! Delivre m anba san ki koule a, E lang mwen va selebre jistis ou.

[17] O Senyè, louvri bouch mwen! E bouch mwen va rakonte lwanj ou.

[18] Paske, ou pa pran plezi nan sakrifis, Si se te sa, mwen ta ba ou l. Men, ou pa pran plezi nan olokos.

[19] Sakrifis ki fè Bondye plezi, se yon lespri brize. O Bondye, ou pa meprize yon kè ki brize, ki rekonèt tò li.

[20] Nan gras ou, fè byen pou mòn Siyon! Bati miray Jerizalèm yo!

[21] Lè sa a, w a pran plezi nan sakrifis ki jis, Nan olokos ak ofrann yo boule nèt. Lè sa a, y a ofri jèn towo sou lotèl ou a.

Liv Sòm Yo — Chapters