[1] Poukisa nasyon yo ajite konsa? Pouki y ap fè konplo initil sa yo?
[2] Wa latè yo kanpe, Chèf yo reyini ansanm Kont Letènèl, epi kont Mesi li a:
[3] Annou kase chèn yo. Annou jete kòd yo lwen nou.
[4] Sila a ki chita nan syèl la ri. Senyè a pase yo nan rizib.
[5] Alò li pale ak yo nan kòlè. Nan flanm kòlè li, li ba yo kè kase:
[6] Pou mwen menm, mwen tabli wa mwen an Sou Siyon, mòn mwen an ki sen.
[7] M ap deklare dekrè Letènèl. Li di m: Ou se pitit mwen. Mwen menm, jodi a, mwen ba ou nesans.
[8] Mande m, epi m a ba ou nasyon yo pou eritaj ou, Epi m a ba ou dènye kwen latè pou byen prive w.
[9] Ou va kraze yo ak yon baton fè. Ou va brize yo an pyès tankou yon veso ajil yon bòs potri fè.
[10] Kounye a, nou menm wa, aji ak sajès! Nou menm jij latè, pran konsèy!
[11] Sèvi Letènèl avèk krentif, Epi rejwi nan lareverans devan li.
[12] Anbrase pitit gason an pou l pa fache, Epi pou nou pa peri nan chemen sa a! Paske nan yon kadè, kòlè l ka boule. Benediksyon pou tout moun k ap chèche refij nan li.