[1] Louwe Letènèl, paske li bon! Wi, mizerikòd li p ap janm fini!
[2] Se pou Izrayèl di: Wi, mizerikòd li p ap janm fini!
[3] Se pou moun lakay Aawon di: Wi, mizerikòd li p ap janm fini!
[4] Se pou moun ke gen krentif pou Letènèl di: Wi, mizerikòd li p ap janm fini!
[5] Nan mitan detrès mwen, mwen envoke Letènèl; Li reponn mwen, li mete m deyò.
[6] Letènèl pou mwen: mwen pa pè anyen. Kisa Lèzòm ka fè m?
[7] Letènèl se sekou mwen, Mwen pran plezi gade lènmi m yo.
[8] Li pi bon pou w chèche refij nan Letènèl, Pase pou ta mete konfyans ou nan lòm.
[9] Li pi bon pou w chèche refij nan Letènèl, Pase pou w ta mete konfyans w nan notab yo.
[10] Tout nasyon yo fè laviwonn mwen: Nan non Letènèl, mwen detui yo.
[11] Yo fè laviwonn mwen, yo vlope m, Nan non Letènèl, mwen detui yo.
[12] Yo fè laviwonn mwen tankou myèl, Yo etenn tankou dife pikan. Nan non Letènèl, mwen detui yo.
[13] Ou pouse m fò pou w fè m tonbe, Men, Letènèl pote m sekou.
[14] Letènèl se fòs mwen, li se chan mwen; Se li ki devni delivrans mwen.
[15] Kri rejwisans ak delivrans monte soti nan tant jis yo, Men dwat Letènèl montre pisans li.
[16] Men dwat Letènèl egzalte, Men dwat Letènèl montre pisans li.
[17] Mwen p ap mouri, m ap viv; E m ap rakonte zèv Letènèl yo.
[18] Letènèl korije m di, Men, li pa t livre m bay lanmò.
[19] Louvri pòtay jistis yo pou mwen, M ap antre epi m ap louwe Letènèl.
[20] Sa a se pòtay Letènèl la; Se ladan jis yo antre.
[21] M ap louwe ou, paske ou reponn mwen, Paske ou devni delivrans mwen.
[22] Wòch moun ki t ap bati yo jete a, Se li ki vin wòch prensipal la, wòch kwen an.
[23] Sa se travay Letènèl, E se yon mèvèy nan je nou.
[24] Sa se jou Letènèl fè a, Annou rejwi, annou kontan ladan l,
[25] Tanpri Letènèl, delivre non! Tanpri Letènèl, fè nou reyisi!
[26] Benediksyon pou moun k ap vini nan non Letènèl, Nou beni w, depi nan kay Letènèl la.
[27] Letènèl se Bondye, li klere nou. Mare bèt pou sakrifis la ak kòd, Mennen l jis bò kòn lotèl la.
[28] Ou se Bondye mwen, m ap louwe ou. Bondye mwen, m ap egzalte ou.
[29] Louwe Letènèl, paske li bon. Wi, mizerikòd li p ap janm fini.