[1] Kantik eskalye yo. Letènèl, sonje David! Sonje tout lapenn li yo.
[2] Li te fè sèman bay Letènèl, Li te fè ve bay Bondye pisan Jakòb la.
[3] Mwen p ap antre nan tant m abite a, Mwen p ap monte sou kabann mwen dòmi an.
[4] Mwen p ap bay je m somèy, Ni mwen p ap bay po je m lasoupi,
[5] Jiskaske mwen jwenn yon plas pou Letènèl, Yon kote pou Bondye pisan Jakòb la.
[6] Gade! Nou te tande pale de sa nan Efrata, Nou te jwenn li nan savann Jaa yo.
[7] Ann ale nan tabènak li, Annou koube devan machpye li.
[8] Leve non, Letènèl, vin nan plas repo ou, Ou menm ak lach pisans ou!
[9] Se pou sakrifikatè yo abiye ak jistis, Se pou fidèl ou yo fè gwo bri kontantman!
[10] Poutèt David, sèvitè ou, Pa repouse moun ou chwazi a!
[11] Letènèl te fè yon sèman laverite bay David: Li p ap tounen sou li, M ap mete yon fwi zantray li sou twòn ou.
[12] Si pitit ou yo respekte alyans mwen Ak temwayaj m ap aprann yo, Pitit pa yo ap chita sou twòn ou pou tout tan.
[13] Paske, Letènèl te chwazi Siyon, Li dezire l kòm kay li;
[14] Sa a se plas repo mwen pou tout tan, Se la m ap abite, Paske mwen dezire li.
[15] M ap beni manje l yo, M ap fè pòv li yo rasazye ak pen.
[16] M ap abiye sakrifikatè l yo tou ak delivrans, Fidèl li yo va fè gwo bri kontantman.
[17] Se la m ap fè pisans David jèmen, M ap prepare yon lanp pou moun mwen chwazi a.
[18] M ap abiye lènmi l yo ak lawont, Men, kouwòn li ap klere sou li.