Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 1:20

[1] Yon sòm David. Men pawòl Letènèl di Senyè mwen: «Chita a dwat mwen, Jis mwen fè lènmi ou yo tounen machpye w.»

[2] Depi Siyon, Letènèl lonje baton pisans ou, Li di: Domine nan mitan lènmi ou yo.

[3] Pèp ou plen volonte nan jou pisans ou, Ak dekorasyon sakre nan gran maten. Frechè jenès ou sou ou.

[4] Letènèl te jire e li p ap regrèt sa: Ou se sakrifikatè pou letènite, Nan menm ran ak Mèlkizedèk.

[5] Senyè a kanpe a dwat ou, L ap kraze wa yo nan jou kòlè li.

[6] L ap jije nasyon yo, Tout kote ranpli ak kadav. L ap kraze youn ki chèf sou anpil peyi.

[7] Li va bwè nan ravin sou chemen an, Se poutèt sa, l ap leve tèt li.

Liv Sòm Yo — Chapters