[1] Priyè yon malere, lè li fèb, lè li pote plent li yo devan Letènèl.
[2] Letènèl, tande priyè m; Kite kri mwen yo rive devan ou!
[3] Pa kache fas ou pou mwen nan jou detrès mwen! Panche zòrèy ou bò kote m jou mwen rele! Prese reponn mwen!
[4] Paske, jou m yo ap fini tankou lafimen; Zo m yo ap boule tankou yon chabon dife.
[5] Kè m frape, li seche tankou zèb; Menm manje m mwen bliye manje.
[6] Plenn mwen yo tèlman rèd Menm zo m yo kole ak po mwen.
[7] Mwen sanble ak grangozye nan dezè; Mwen tankou frize nan tè dezole.
[8] M ap veye, Mwen tankou yon zwazo ki pou kont li sou do kay.
[9] Chak jou lènmi m yo ap joure m; Moun k ap moke m yo pran non m pou fè sèman.
[10] Mwen manje sann olye de pen, Mwen mele sa m bwè ak dlo je m
[11] Akòz endiyasyon ou ak kòlè ou, Paske, ou leve m wo pou jete m lwen.
[12] Jou m yo tankou yon lonbraj k ap lonje, Mwen vin sèch tankou zèb.
[13] Men, ou menm Letènèl, ou ap reye pou tout tan. Memwa ou dire jenerasyon apre jenerasyon.
[14] W ap leve, w ap gen pitye pou Siyon, Paske, tan pou fè gras la, tan ki te fikse a, rive.
[15] Paske, sèvitè w yo renmen wòch Siyon yo, Yo gen pitye pou pousyè li.
[16] Epi nasyon yo pral gen krentif pou non Letènèl; Tout wa latè yo pral gen krentif pou glwa ou.
[17] Wi, Letènèl ap rebati Siyon; L ap parèt nan glwa li.
[18] L ap reponn priyè moun ki mizerab, Li pa meprize priyè yo.
[19] Se pou yo ekri sa pou jenerasyon k ap vini an, Se pou pèp Letènèl va kreye a louwe Letènèl.
[20] Paske, depi anwo nan plas li a ki sen, Letènèl gade anba; Depi nan syèl la, Letènèl gade sou latè,
[21] Pou l tande plenn prizonye yo, Pou l delivre sila yo ki prèt pou mouri,
[22] Pou yo pibliye non Letènèl nan Siyon, Epi lwanj li nan Jerizalèm,
[23] Lè pèp yo va rasanble, Lè tout wayòm yo rasanble pou sèvi Letènèl.
[24] Li febli fòs mwen nan chemen an, Li diminye nan jou m yo.
[25] Mwen di: Bondye mwen, pa retire mwatye nan jou m yo; Ane w yo la jenerasyon apre jenerasyon.
[26] O kòmansman, se ou menm ki te poze fondasyon latè. E, syèl la, se travay men ou fè.
[27] Y ap peri, men ou menm, w ap rete. Yo tout ap ize tankou rad, W ap chanje yo tankou wòb epi y ap pase.
[28] Men, ou menm, ou rete menm jan an, E, ane ou yo p ap bout.
[29] Pitit sèvitè ou yo ap kontinye, Desandans yo ap vin fèm devan ou.