[1] Yon sòm David. Beniswa Letènèl, woche mwen Ki aprann men mwen fè lagè, Ki montre dwèt mwen batay.
[2] Byenfetè mwen, fòtrès mwen, Refij mwen, liberatè mwen, Boukliye mwen, plas kote m kache, Li menm ki fè pèp yo soumèt devan m.
[3] Letènèl, kisa lòm ye pou w konnen l? Kisa pitit lòm ye pou w panse avè l?
[4] Lòm sanble ak yon souf, Jou l yo tankou lonbraj k ap pase.
[5] Letènèl, bese syèl la, epi desann! Touche mòn yo pou yo pouse lafimen!
[6] Fè zeklè klere e dispèse tout lènmi m yo! Lanse flèch ou epi panike yo!
[7] Depi anwo a, lonje men ou, Delivre m, rache m nan gwo dlo yo Anba men pitit etranje yo.
[8] Se vanite ase bouch yo pale, Men dwat yo se men dwat manti.
[9] O Bondye, m ap chante yon kantik nouvo pou ou, M ap jwe mizik pou ou sou gita dis kòd la.
[10] Se li menm ki bay wa yo delivrans, Ki sove David, sèvitè li, anba epe lanmò.
[11] Delivre m, rache m Anba men pitit etranje yo. Se vanite ase bouch yo pale, Men dwat yo se men dwat manti.
[12] Pitit gason nou yo tankou plant Ki grandi nan jenès yo. Pitit fi nou yo tankou gwo poto atis travay Ki fè dekorasyon yon palè.
[13] Kolonbye nou ranpli, Yo debòde ak tout kalite pwovizyon, Mouton ak kabrit nou yo miltipliye pa mil, Pa dimil (10 000) nan savann nou yo.
[14] Bèf nou yo chaje, Pa gen dezas, pa gen kaptivite, Pa gen kriye sou plas nou yo.
[15] Benediksyon pou yon pèp, lè bagay yo konsa pou li! Benediksyon pou yon pèp ki gen Letènèl pou Bondye li!