Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 1:24

[1] Yon kantik David. Lè li te nan kav la. Yon priyè.

[2] Avèk vwa m mwen kriye bay Letènèl, Avèk vwa m mwen chèche favè bò kote Letènèl.

[3] Mwen vide plent mwen devan li, Mwen rakonte l detrès mwen.

[4] Lè lespri m febli nan mwen, Ou menm, ou konnen chemen an. Yo kache yon pyèj pou mwen Sou wout m ap mache a.

[5] Gade adwat epi wè, Pèsonn pa rekonèt mwen. Pa gen refij pou mwen ankò, Pèsonn pa enkyete pou lavi m.

[6] Letènèl, se ou m ap kriye bay, Mwen di: Ou se refij mwen, Eritaj mwen sou tè moun vivan yo.

[7] Tande kri mwen yo byen, Paske mwen febli anpil. Delivre m anba moun k ap pousuiv mwen, Paske yo pi fò pase m.

[8] Retire lavi m nan prizon, Pou m ka louwe non ou. Jis yo va vin antoure mwen, Lè ou aji byen avè m.

Liv Sòm Yo — Chapters