Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 1:26

[1] Pou Maestwo Koral la. Yon sòm David.

[2] Letènèl, jis kilè w ap bliye m? Pou tout tan? Jis kilè w ap sispann kache fas ou pou mwen?

[3] Jis kilè m a sispann anpile lide nan panse m Ak chagren nan kè m tout jounen. Jis kilè lènmi m yo a sispann leve tèt yo sou mwen.

[4] Letènèl, Bondye mwen, gade m epi reponn mwen! Louvri je m. San pa sa, m ap dòmi dòmi lanmò a.

[5] San pa sa, lènmi m ap di: Mwen gen viktwa sou li. San pa sa, advèsè m nan ap kontan, lè m bite.

[6] Men mwen menm, mwen kwè nan bonte w. M ap fè kè m kontan nan sali ou. M ap chante pou Letènèl, paske li bon pou mwen.

Liv Sòm Yo — Chapters