[1] Yon sòm. Chante yon kantik nouvo pou Letènèl, Paske, li fè mirak! Li delivre ak men dwat li ak ponyèt li ki sen.
[2] Letènèl te fè konnen delivrans li, Li te montre jistis li devan je nasyon yo.
[3] Li sonje bonte li ak fidelite li pou mezon Izrayèl, Tout nasyon wè delivrans Bondye nou an.
[4] Tout moun sou latè, fè bri kontantman devan Letènèl! Fè bri kontantman, rejwi, chante!
[5] Chante pou Letènèl ak hap, Ak hap chante kantik.
[6] Ak twonpèt ak son kòn, Fè bri kontantman devan Letènèl, wa a!
[7] Se pou lanmè a sonnen ak tout sa ki ranpli l. Se pou lemonn sonnen ak sa ki abite ladan.
[8] Se pou flèv yo bat men, Se pou mòn yo fè bri kontantman tou,
[9] Devan Letènèl. Paske, l ap vini pou l jije latè. L ap jije lemonn ak jistis, L ap jije pèp yo nan ladwati.