Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 1:10

[1] Pou Maestwo koral la. Avèk enstriman a kòd. Yon sòm. Yon kantik.

[2] Se pou Bondye fè nou gras, se pou l beni nou. Se pou l fè fas li briye sou nou. – Poze!

[3] Pou moun sou latè ka konnen chemen ou, Pou yo ka konnen delivrans ou pami tout nasyon.

[4] O Bondye, se pou pèp yo louwe ou! Se pou tout pèp yo louwe ou!

[5] Se pou tout nasyon yo rejwi e chante lajwa, Paske, ou jije pèp yo avèk jistis. Ou dirije nasyon yo sou latè. – Poze!

[6] O Bondye, se pou pèp yo louwe ou! Se pou tout pèp yo louwe ou!

[7] Latè bay pwodiksyon li, O Bondye, Bondye nou, ou beni nou.

[8] Bondye beni nou, Epi dènye bout latè pral gen krentif pou li.

Liv Sòm Yo — Chapters