Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 1:10

[1] Kantik eskalye yo. Yon sòm David. Si se pa t Letènèl, kilès ki te pou nou? –Se pou Izrayèl di sa kounye a–

[2] Si se pa t Letènèl, kilès ki te pou nou, Lè lèzòm te leve kont nou?

[3] Yo t ap vale nou tou vivan, Lè kòlè yo te limen kont nou;

[4] Dlo yo t ap nwaye nou, Tòran dlo yo t ap pase sou nou,

[5] Dlo k ap desann yo T ap pase sou nou.

[6] Beniswa Letènèl, Li menm ki pa t livre nou anba dan yo.

[7] Lavi nou chape tankou zwazo ki chape nan pèlen chase; Pèlen an kase, e nou chape.

[8] Sekou nou soti nan non Letènèl Ki fè syèl la ak tè a.

Liv Sòm Yo — Chapters