[1] Mwen renmen Letènèl, Paske li tande vwa m, priyè m yo.
[2] Paske li panche zòrèy li bò kote m, M ap envoke l pandan tout lavi m.
[3] Kòd lanmò te vlope m, Latèrè peyi-mò te jwenn mwen. Mwen jwenn detrès ak chagren.
[4] Men, mwen envoke non Letènèl: O Letènèl, sove nanm mwen!
[5] Letènèl fè gras, li jis, Bondye nou an plen konpasyon.
[6] Letènèl pwoteje inosan yo, Mwen te febli, men li sove m.
[7] Nanm mwen, retounen nan repo w, Paske, Letènèl fè w dibyen.
[8] Wi, ou delivre nanm mwen anba lanmò, Ou delivre je anba dlo je, Ou delivre pye m pou l pa tonbe.
[9] M ap mache devan Letènèl, Sou tè moun vivan yo.
[10] Mwen te gen konfyans, lè m te di: Mwen malere anpil.
[11] Nan tèt chaje mwen, mwen te di: Tout moun se mantè.
[12] Kòman pou m ta remèt Letènèl Tout byenfè li yo pou mwen?
[13] M ap leve gode delivrans lan, M ap envoke non Letènèl.
[14] M ap respekte ve mwen te fè Letènèl Devan tout pèp li a.
[15] Lanmò moun ki renmen Letènèl Gen valè nan je li.
[16] Tande m, Letènèl, paske mwen se sèvitè ou, Sèvitè w, pitit sèvant ou; Ou lage kòd mwen yo.
[17] M ap ofri sakrifis remèsiman, M ap envoke non Letènèl.
[18] M ap respekte ve mwen te fè Letènèl Devan tout pèp li a,
[19] Nan lakou kay Letènèl la, Nan mitan ou, Jerizalèm! Louwe Letènèl!