[1] Pou Maestwo koral la. Sou Gitit. Pou Asaf.
[2] Chante ak jwa pou Bondye ki fòs nou. Fè bri jwa nou monte jwenn Bondye Jakòb la.
[3] Fè yon kantik monte. Fè tanbouren sonnen, Fè hap dous la ak gita sonnen.
[4] Sonnen twonpèt pou nouvèl lin, Nan tan lalin, nan jou fèt nou.
[5] Paske, se yon lwa pou Izrayèl, Se yon koutim Bondye Jakòb la tabli.
[6] Li tabli l kòm yon temwayaj pou Jozèf, Lè li te mache kont peyi Lejip. Mwen tande yon vwa mwen pa konnen.
[7] Mwen retire fado a sou zepòl yo, Epi men l yo lage pànye a.
[8] Ou te kriye nan detrès ou e m te delivre w. Mwen reponn ou nan lye sekrè loraj. Mwen te pase w nan leprèv toupre dlo Meriba yo. – Poze!
[9] Tande, pèp mwen, m ap ba ou konsèy. O Izrayèl, si nou te tande m! …
[10] Piga nou gen dye etranje nan mitan nou, Piga nou koube devan dye etranje.
[11] Mwen se Letènèl, Bondye ou, Ki te fè ou soti peyi Lejip. Louvri bouch ou, m ap ranpli l.
[12] Men, pèp mwen an pa t tande vwa m. Izrayèl pa t obeyi m.
[13] Ebyen, mwen lage yo pou yo suiv rebelyon kè di yo, Yo mache daprè pwòp konsèy yo.
[14] O! Si pèp mwen an te koute m! Si Izrayèl te mache nan chemen m!
[15] Nan yon ti tan, mwen t ap imilye lènmi l yo, Mwen t ap leve men m kont advèsè l yo.
[16] Moun ki rayi Letènèl yo t ap bese devan l, Epi tan jijman yo t ap dire pou tout tan.
[17] Mwen t ap fè yo manje pi bon ble a, Mwen t ap satisfè yo ak myèl woche a.