Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 3:09

[1] Pou Salomon. O Bondye, fè wa a konnen jijman ou yo, Bay pitit wa a jistis ou.

[2] L a jije pèp ou a daprè ladwati, La jije malere ou yo ak jistis.

[3] Montay yo va pote lapè pou pèp la; Ti mòn yo tou, akòz jistis ou.

[4] L ap defann malere nan mitan pèp la, L ap delivre pitit pòv yo; L ap kraze moun k ap peze yo.

[5] Y ap gen krentif pou ou, toutotan solèy la egziste, Toutotan lalin nan la, jenerasyon apre jenerasyon.

[6] L ap desann tankou lapli k ap tonbe sou yon tè sekle, Tankou lapli ki awoze tè a.

[7] Pandan jou l yo, jis la ap fleri, Lapè ap grandi jiskaske pa gen lalin ankò.

[8] Li va domine soti nan yon lanmè rive nan yon lòt, Soti nan flèv la rive nan dènye bout latè.

[9] Moun ki rete nan dezè va mete ajenou devan li, Lènmi l yo va niche pousyè.

[10] Wa Tasis yo ak zile yo va pote kado. Wa Cheba ak wa Seba va ofri kado.

[11] Tout wa yo va vin koube devan li, Tout nasyon yo va sèvi li.

[12] Paske, l ap delivre pòv k ap kriye, Ak malere ki san sekou.

[13] L ap gen konpasyon pou endijan ak pòv, L ap sove lavi pòv yo.

[14] L ap rachte lavi yo anba vòl ak vyolans, San yo va gen pri nan je li.

[15] Li va viv. Yo va ba li lò peyi Seba. Yo va priye pou li san rete. Yo va beni l chak jou.

[16] Va gen ble ann abondans nan peyi a. Sou tèt mòn yo, fwi yo va sekwe tankou pyebwa nan Liban. Moun ap fleri nan vil yo tankou zèb latè.

[17] Non l ap toujou rete. Toutotan gen solèy, non l ap pwopaje. Moun va pran non l pou bay benediksyon, Tout nasyon yo va di l byennere.

[18] Benediksyon pou Letènèl Bondye, Bondye Izrayèl la, li menm sèl ki ka fè mèvèy!

[19] Benediksyon tout tan pou non li ki plen glwa! Se pou tout latè ranpli ak glwa li! Amèn! Amèn!

[20] Se la priyè David, pitit Izayi, a fini.

Liv Sòm Yo — Chapters