[1] Pou Maestwo koral la. Yon sòm David.
[2] Benediksyon pou moun ki pran ka pòv la. Letènèl ap delivre l nan jou detrès.
[3] Letènèl pwoteje li, epi li prezève lavi l. Li se moun beni sou tè a. Epi ou p ap lage l nan men lènmi l yo.
[4] Letènèl pwoteje l sou kabann soufrans li. Ou ap chavire kabann maladi kote l kouche a.
[5] Mwen menm, mwen di: Letènèl, gen pitye pou mwen. Geri nanm mwen, paske mwen peche kont ou.
[6] Lènmi m yo pale de mwen ak mechanste: Kilè l a mouri? Kilè y a bliye non l?
[7] Lè youn vin wè mwen, li bay manti. Li rasanble inikite nan kè l. Li soti, l al pale sa deyò.
[8] Tout lènmi m yo ap chichote ansanm sou mwen. Y ap fè plan mechanste kont mwen.
[9] Yo di: Yon move maladi tonbe sou li. Men li pran kabann, li p ap leve ankò.
[10] Menm moun mwen te byen avè l, Moun mwen te fè konfyans, ki t ap manje manje m, Leve kont mwen.
[11] Men, ou menm, Letènèl, gen pitye pou mwen epi leve m. Pou m ka rekonpanse yo.
[12] M ap konnen ou renmen m vre, Si lènmi m yo pa triyonfe sou mwen.
[13] Mwen menm, ou te soutni m akòz entegrite mwen. Ou fè m kanpe devan ou pou tout tan.
[14] Se pou Letènèl, Bondye Izrayèl la, beni Pou tout letènite! Amèn! Amèn!