[1] Louwe Letènèl! M ap louwe Letènèl ak tout kè m, Nan reyinyon moun ki dwat yo, nan asanble a.
[2] Travay Letènèl fè yo gran; Tout moun ki pran plezi nan yo chèche konnen yo.
[3] Zèv li yo se ekla ak grandè. Jistis li la pou tout tan.
[4] Li fè moun sonje mèvèy li yo, Letènèl fè gras, li gen konpasyon.
[5] Li bay tout moun ki gen krentif pou li manje; Li toujou sonje alyans li.
[6] Li fè pèp li konnen pisans zèv li yo, Lè li ba yo eritaj nasyon yo.
[7] Travay men li se fidelite ak jistis, Tout prensip li yo se fyab.
[8] Yo fèm pou letènite, Yo fèt ak fidelite epi ladwati.
[9] Li voye delivrans pou pèp li, Li tabli alyans li pou tout tan, Non li sen, li terib.
[10] Krentif pou Letènèl se kòmansman lasajès, Tout moun ki pratike l gen bon sans. Lwanj li dire pou Letènite.