Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 2:01

[1] Louwe Letènèl! Louwe Letènèl depi nan syèl! Louwe Letènèl anwo!

[2] Louwe li, nou tout zanj li yo! Louwe li, nou tout lame l yo!

[3] Louwe li, solèy ak lalin! Louwe li, nou tout zetwal ki bay limyè!

[4] Louwe li, syèl tout syèl yo, E nou menm, dlo ki anwo syèl yo!

[5] Se pou yo louwe non Letènèl! Paske, li bay lòd, epi yo kreye.

[6] Li tabli yo pou le tan e letènite, Li bay yon prensip, li p ap vyole l.

[7] Louwe Letènèl depi sou latè, Gwo bèt lanmè, nou tout labim yo;

[8] Dife ak lagrèl, lanèj ak vapè, Gwo van k ap egzekite lòd li;

[9] Montay ak tout ti mòn yo, Pyebwa k ap donnen ak tout pye sèd yo;

[10] Bèt nan bwa ak tout bèt domestik, Bèt k ap rale ak zwazo k ap vole;

[11] Wa latè ak tout pèp yo, Prens ak tout jij pèp yo;

[12] Jèn gason ak jèn fi, Vyeya ak timoun!

[13] Se pou yo louwe non Letènèl! Paske, se sèl non li ki egzalte, Grandè li depase latè ak syèl.

[14] Li ogmante fòs pèp li, Se chan lwanj pou tout fidèl li yo, Pou pitit Izrayèl yo, pèp ki pwòch ak li; Louwe Letènèl!

Liv Sòm Yo — Chapters