[1] Se yon sòm David te ekri, Lè li t ap kouri pou Absalon, pitit gason l lan.
[2] O Letènèl, ala anpil lènmi m yo anpil! Ala anpil moun ki leve kont mwen yo anpil!
[3] Gen anpil k ap pale sou mwen, k ap di: Pa gen delivrans pou li devan Bondye! – Poze!
[4] Men, ou menm Letènèl, ou se yon boukliye toutotou mwen. Se ou ki glwa mwen; se ou menm ki leve tèt mwen.
[5] Mwen leve vwa m pou m kriye bay Letènèl a, Epi li reponn mwen sou montay li a ki sen. – Poze!
[6] Mwen kouche epi mwen dòmi. Mwen leve, paske Letènèl ap soutni mwen.
[7] Mwen pa pè tout pil moun sa yo Ki sènen m toupatou pou atake m.
[8] Leve non, Letènèl! Sove m non, Bondye mwen! Wi, ou bay tout lènmi m yo yon souflèt nan figi yo. Ou kraze dan mechan yo an.
[9] Delivrans, se nan Letènèl sa soti. Se pou benediksyon w rete sou pèp ou a. – Poze!