Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 3:02

[1] Letènèl, poukisa ou kanpe lwen konsa? Poukisa ou kache nan tan detrès?

[2] Nan ògèy li, mechan an ap pousuiv malere a; Li pran nan konplo mechan an monte a.

[3] Mechan an ap vante tèt li konsènan dezi li gen nan kè li. Li beni moun k ap vòlè, men li denigre Letènèl.

[4] Nan awogans li, mechan an pa chèche Letènèl. Tout sa l panse sèke pa gen Bondye.

[5] Li reyisi nan tout chemen l. Jijman ou yo byen wo, byen lwen l. Li meprize tout advèsè l yo.

[6] Nan kè l, li di: M p ap brannen menm. Jenerasyon apre jenerasyon mwen p ap nan malè.

[7] Bouch li plen malediksyon, riz ak malfezans. Anba lang li se malè ak mechanste.

[8] Li chita ann anbiskad tou pre vilaj yo. Li tiye inosan an an kachèt. Je l ap veye malere a an sekrè.

[9] L ap tann an kachèt, tankou yon lyon nan twou li. L ap tann pou l ka mete men sou malere a; Li mete men sou li, Li rale l nan filè li.

[10] Li koube, li bese, Epi malere tonbe anba grif li.

[11] Li di nan kè l: Bondye bliye. Li kache figi li, li p ap janm wè sa.

[12] Leve, Letènèl! Leve men w Bondye! Pa bliye malere yo!

[13] Poukisa mechan an ap denigre Bondye? Poukisa l ap di nan kè l: Bondye p ap vanje sa?

[14] Epoutan ou wè, paske ou obsève lapenn ak soufrans Pou w pran sa an men. Se nan men w malere a kite kòz li, Se ou menm ki ede moun san papa yo.

[15] Kase bra mechan an ak moun k ap fè mal yo! Fè vanjans sou li pou mechanste l yo jiskaske w pa jwenn ankò.

[16] Letènèl se Wa pou le tan e letènite. Nasyon yo peri nan peyi Bondye a.

[17] Letènèl, ou tande ve kè pòv malere yo. Ou fòtifye kè yo. W a pare zòrèy ou pou tande,

[18] Pou fè òfelen ak moun y ap peze yo jistis, Pou lòm ki soti nan latè pa kontinye simen latèrè sou yo.

Liv Sòm Yo — Chapters