Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 5:01

[1] Pwovèb Salomon, pitit David, wa Izrayèl:

[2] Pou moun ka konnen lasajès ak enstriksyon. Pou yo ka konprann pawòl entèlijans;

[3] Pou moun ka resevwa enstriksyon ki gen bon sans, Ki gen ladwati, jistis ak entegrite.

[4] Pou bay moun sòt entèlijans, Pou bay jèn gason konesans ak bon konprann.

[5] Se pou moun ki saj tande, pou l ogmante konesans li; Se pou moun ki konprann vin gen bon konduit,

[6] Pou l ka konprann pwovèb oubyen parabòl, Pawòl moun ki saj ak devinèt.

[7] Krentif pou Letènèl se kòmansman konesans, Men, moun san konprann meprize lasajès ak disiplin.

[8] Pitit mwen, tande enstriksyon papa ou, Pa abandone ansèyman manman ou.

[9] Paske, yo se kouwòn gras sou tèt ou, Yo se kolye pou kou ou.

[10] Pitit mwen, si moun k ap peche vle twonpe ou, Pinga ou aksepte.

[11] Si yo di w: Vin ak nou! Annou tann anbiskad pou nou vèse san; Annou tann pyèj san rezon pou inosan.

[12] Ann vale yo tou vivan tankou peyi-mò, Ann vale tout ankè tankou moun k ap desann nan twou.

[13] N ap jwenn tout kalite bèl richès, N ap ranpli kay nou ak bagay nou pran.

[14] W ap jwenn pòsyon pa w nan mitan nou, Se yon sèl bous k ap gen pou nou tout.

[15] Pitit mwen, pa mache nan wout ak yo, Kenbe pye ou lwen chemen yo.

[16] Paske, pye yo kouri pou yo fè mal, Yo prese pou yo vèse san.

[17] Se anven moun mete pèlen Devan je bèt ki gen zèl.

[18] Se kont pwòp san yo, yo tann anbiskad, Se kont pwòp lavi yo, yo tann pyèj.

[19] Se konsa chemen tout moun ki pran byen nan fè vyolans ye; Lanvi retire lavi moun ki genyen l.

[20] Lasajès ap rele nan lari, Li leve vwa l sou plas piblik yo.

[21] L ap rele nan kalfou ki gen bri, L ap fè tande pawòl li nan antre pòtay vil yo:

[22] Moun sòt, kilè n a sispann renmen bagay san sans? Kilè mokè yo ap sispann pran plezi pase moun nan betiz? Kilè moun egare yo ap sispann rayi konesans?

[23] Tounen vin koute reprimand mwen yo! Gade! M ap simaye lespri m sou nou, M ap fè nou konnen pawòl mwen yo.

[24] Pliske mwen rele nou, nou derefize, Pliske mwen lonje men m, pèsonn pa okipe m,

[25] Pliske nou rejte tout konsèy mwen yo, Pliske nou pa aksepte reprimand mwen yo,

[26] Mwen menm tou, m ap ri nou, lè nou nan malè; M ap pase nou nan rizib, lè latèrè vini sou nou.

[27] Lè latèrè rive sou nou tankou yon tanpèt, Lè malè rive sou nou tankou yon toubiyon, Lè kè sote ak detrès rive sou nou.

[28] Lè sa a y ap rele m, men, mwen p ap reponn; Y ap chèche m, men yo p ap jwenn mwen.

[29] Paske, yo te rayi konesans; Paske, yo pa t chwazi gen krentif pou Letènèl.

[30] Yo pa t vle konsèy mwen yo, Yo te meprize tout reprimand mwen yo.

[31] Konsa, y ap manje fwi konpòtman yo, Y ap rasazye ak pwòp move plan yo.

[32] Paske, se egare moun sòt yo ki tiye yo, Se neglijans moun egare yo ki detui yo.

[33] Men, moun ki koute m, ap viv nan sekirite, L ap abite trankil san l pa pè malè.

Liv Pwovèb yo — Chapters