[1] Letènèl, Bondye vanjans! Bondye vanjans, parèt nan glwa ou!
[2] Leve, jije latè! Bay awogan yo rekonpans yo.
[3] Letènèl, jis kilè mechan yo, Jis kilè mechan ap sispann triyonfe?
[4] Y ap vide pawòl, y ap pale ak awogans, Tout moun k ap fè mechanste yo ap vante tèt yo.
[5] Letènèl, y ap kraze pèp ou, Y ap peze eritaj ou.
[6] Yo tiye ni vèv ni etranje. Yo asasinen òfelen yo.
[7] Yo di: Letènèl p ap wè sa. Bondye Jakòb la p ap konprann sa.
[8] Konprann non, moun fou pami pèp la. Moun fou, kilè n a vin saj?
[9] Moun ki plante zòrèy la, èske l p ap tande? Moun ki kreye je a, èske l p ap wè?
[10] Moun ki korije nasyon yo, èske li p ap reprimande, Li menm ki bay lòm konesans?
[11] Letènèl konnen panse lòm, Li konnen yo san valè.
[12] O Letènèl, benediksyon pou moun ou korije, Pou moun ou montre lalwa ou,
[13] Pou ba li repo nan jou malè, Jiskaske twou mechan an fouye.
[14] Paske, Letènèl p ap lage pèp li, Li p ap abandone eritaj li.
[15] Paske, jijman an ap suiv lajistis. Tout moun ki gen kè dwat ap suiv li.
[16] Kilès k ap leve kont mechan yo pou mwen? Kilès k ap sipòte m kont moun k ap fè sa ki mal?
[17] Si Letènèl pa t sekou mwen, Nanm mwen t ap prale tousuit nan kay silans la.
[18] O Letènèl, lè mwen di: Pye m glise. Fidelite w kenbe mwen.
[19] Lè pil panse m yo ajite anndan m, Konsolasyon w yo fè nanm mwen plezi.
[20] Èske w ap fè kò ak yon twòn malè, Ki sèvi ak dekrè pou kreye mizè?
[21] Yo rasanble kont lavi jis la, Yo kondane inosan an pou l mouri.
[22] Men, Letènèl se refij mwen, Bondye m nan se woche pwoteksyon mwen.
[23] L ap fè inikite yo tonbe sou yo ankò. L ap detui yo nan mechanste yo, Letènèl, Bondye nou an, ap detui yo.