Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 1:09

[1] Kantik eskalye yo. Lè Letènèl te mennen kaptif Siyon yo tounen, Nou te tankou moun k ap reve.

[2] Bouch nou te plen ak kout ri, Lang nou te plen ak kri rejwisans. Lè sa a, moun t ap di nan mitan nasyon yo: Letènèl fè gwo bagay pou yo.

[3] Letènèl fè gwo bagay pou nou, Nou nan lajwa.

[4] Letènèl, mennen kaptif nou yo tounen, Tankou kouran dlo nan zòn sid.

[5] Moun ki simen ak dlo nan je, Y ap rekòlte ak kri rejwisans.

[6] Sila a ki ale ak dlo nan je, lè l ap pote semans la, L ap tounen ak kri rejwisans, lè l ap pote zepi yo.

Liv Sòm Yo — Chapters